LIMINASYON, yon pwojè mizik sou Dwa MOun

LIMINASYON 1Nou envite ou dekouvri pwojè Dwa Moun konpayi Bazou fè ki se LIMINASYON. Se yon albòm 16 mizik ki reyini plis pase yon douzèn atis, nan sektè lakilti an Ayiti. Liminasyon abòde tèm tankou idantite kilritèl, memwa zansèt yo, jistis, rezistans, angajman sitwayen, elatriye. Li denonse vyolans ki base sou sèks moun, sistèm patriyaka a, entolerans ak lòt vyolasyon dwa fondamantal moun.

LIMINASYON se yon rezilta yon travay rechèch ak kreyasyon nan lide fè pwomosyon dwa moun atravè mizik, e sitou mizik ki lye ak vodou.

Albòm LIMINASYON disponib sou tout plafòm mizik tankou Itunes, Deezer, Diskòb Mizik, Spotify, Youtube music, Amazon music depi 29 dawout 2021 an.

Albòm sa jwenn sipò pwogram Education Citoyenne FOKAL la, nan kad pwojè AJULIH (Accès à la justice et lutte contre l’impunité), Avocats Sans Frontières Canada ap mennen, gras ak finansman Affaires Mondiales Canada.

 

Gade fim dokimantè sou kreyasyon pwojè a
 

Legba, youn nan tit sou albòm nan, genyen tou yon videyoklip ki disponib, dapre lide Samuel Suffren ki reyalize li tou KITFILM.
 

 

Image

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI

143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112 Port-au-Prince,Haïti

Tel : (509) 2813-1694

© 2024 fokal. Designed By katabeno

Enskri nan nouvèl FOKAL