Lendi 28 oktòb 2024 la make 41 lane depi UNESCO te rekonèt epi tabli Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl, yon rekonesans ki mete lang kreyòl la an valè kòm yon patrimwàn ki ini pèp kreyòl yo nan mond lan. Ane sa a, Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) ap komemore 10 lane depi yo te kreye li. Pou make jounen sa a, AKA chwazi tèm: « Lang kreyòl, zouti rezistans pèp ayisyen an! ». Yon chwa ki pote sou kapasite lang kreyòl la pou li kontinye pwoteje fòs, kouraj, ak lespwa, kilti ak lespri rezistans pèp ayisyen an malgre anpil difikilte nan tout nivo.
Jounen sa a pa sèlman yon selebrasyon lang nou, men li envite chak moun reflechi sou enpòtans lang ak kilti kreyòl la genyen nan lavi tout kominote kreyòl - nan Karayib la, Amerik Latin, Kiba, Brezil, Oseyan Endyen, ak lòt kote ankò. Lang ak kilti se de fas yon menm reyalite ki konstwi idantite pèp yo, ki makònen yo ansanm. Se yon zouti pou moun dekouvri pwòp istwa yo epitou pou yo kapab kominike ak rès mond lan avèk fyète, otantisite epi diyite.
Nan okazyon sa a, Fondasyon Konesans ak Libète (FOKAL) vle remèsye epi salye tout moun ak tout enstitisyon k ap travay san pran souf pou fè lang kreyòl la grandi epi jwenn plas li. Sòti nan otè, atis, pwofesè, jounalis, jiska tout moun k ap fè pwomosyon kreyòl la chak jou. Nou pap bliye travay moun ki pèmèt lang kreyòl lan rive kote l ye a paske lang ak kilti kreyòl la se youn nan zouti peyi a gen dwa revandike pou l sèvi nan tout domèn.
Nou swete yon bèl Jounen Kreyòl a tout Ayisyèn ak Ayisyen, tout kreyolis, tout dyaspora ayisyèn nan, ak tout lòt kominote k ap viv epi pale kreyòl la chak jou! Kreyòl la se pa nou pou n kontinye sonje, reflechi, reziste, grandi, epi kreye yon lavni ansanm. Se avèk lang sa tou nou ka louvri lespri nou bay tout lòt lang nou vle aprann.
Aktivite pou selebre dizyèm anivèsè kreyasyon Kolektif 2 Dimansyon (K2D) yo ap kontinye nan Pòtoprens. Apre fotograf Josué Azor ak Georges Harry Rouzier, kounya se tou pa fotograf Réginald Louissaint Junior ki pral louvri pòt li byen gran bay piblik la pou yon twazyèm « Open studio ». Aktivite sa a ap fèt nan jou samdi k ap 26 oktòb 2024 la nan espas kreyasyon fotograf la ki twouve l nan Tijo, Enpas Baron, nimewo 18, sòti 3zè pou rive 7tè nan aswè.
Nou ankouraje tout moun al patisipe nan bèl aktivite sa a pou nou kapab non sèlman dekouvri sekrè ki kache dèyè zèv atis-fotograf la, men tou pou nou kapab rankontre l epi diskite ak li.
Ansapit se youn nan komin fwontalye ki twouve l nan depatman Sidès peyi a. Nan dezyèm seksyon komin sila ki rele “Nan Bannann”, yo pwodui anpil manje. Men akoz nanpwen wout nan zὸn nan epi tou ak ensekirite a ki enstale sou wout nasyonal #8 la, peyizan nan zὸn sa oblije travèse fwontyè a pou al vann pwodui sa yo kay vwazen, anpil fwa nan pri Dominiken vle. Sa rive tou, Ayisyen ki nan bouk Ansapit la travèse al achte nan mache Pedernales (RD) menm pwodui sa yo byen chè nan men Dominiken paske yo pa rive jwenn yo sou plas.
Se nan sans sa a n ap envite w klike sou lyen ki anba a pou w gade repὸtaj sa a jounalis repòtè Pierre Michel JEAN reyalize pou Ayibopost, gras ak yon sibvansyon FOKAL, sou sitiyasyon peyizan yo nan komin sila.
Depi plizyè lane, zafè sekirite moun an Ayiti bay gwo kè kase. Menm Jounalis, ki ap travay pou enfòme popilasyon an sou sa ki ap pase pa epanye nan zak vyolans ki ap fèt nan peyi a. Nan lide pou ede jounalis yo pwoteje tèt yo epi konnen kisa pou yo fè lè yo gen yon pwoblèm, Pwogram Medya FOKAL, ki jwenn sipò Internews te rive reyalize plizyè fòmasyon pou yo. Nan sans sa, nou te prepare divès kat sekirite pou jounalis yo, yon fason pou pèmèt yo konnen bonjan teknik pwoteksyon yo, pou pwoteje tèt yo lè y ap travay nan yon konjonkti ki difisil. N ap mande zanmi jounalis nou yo pa neglije pataje eleman sila yo ak kòlèg travay nou oubyen kòlèg jounalis nou yo.
Se pou komemore memwa tout moun, fanm kou gason, ki te goumen kont kolonizasyon, esklavaj ak rasis nan fen 18e syèk la sou bout tè sa yo rele Ayiti jodia UNESCO deklare, depi nan lane 1998, dat 28 dawout lan kòm Jounen Entènasyonal pou nou sonje tray Trafik Moun Nwa ki te sòti Lafrik yo ak lè li kaba.
Soti lannwit 22 pou rive 23 dawout 1791, esklav yo fè yon gwo leve kanpe nan Sendomeng, alepòk yon koloni peyi Lafrans. Leve kanpe san pran souf sa te vin transfòme nan yon veritab lagè moun pot ko janm wè. Konsa, nan nwa novanm 1803, nan gwo batay Vètyè a, Lame Endijèn lan te pral ranpòte lagè a sou twoup lame Napoleyon yo ki te vin retabli sistèm esklavaj la ki te gentan kaba depi lane 1793. Zansèt yo te rebay bout tè sa non Ayiti, non pèp Tayino yo te deja ba li a, pou montre gwo volonte pou koupe fache ak sistèm esklavaj lan lè yo deklare tèt yo endepandan nan dat premye janvye 1804 la.
Se te yon lendepandans mond esklavajis lan pa te janm aksepte. Poutèt sa, yo te rive fè jèn nasyon an peye lendepandans sa trè chè. Men sa te pi grav ankò pou peyizan yo, sila yo ki te bay swè ak san yo, sila yo pa te janm konnen kijan yo rele, sila yo ki te koupe fache ak ansyen rejim nan pou libète, egalite, lonè ak diyite te gen tout sans yo.
Kat syèk kote moun pa te pran moun pou moun kite mak fabrik li nan lemond jiskaprezan. De jou an jou, dokimantasyon sou kesyon trafik moun ak lesklavaj lan ap vin pi plis. Moun k ap fè rechèch nan domèn syans sosyal yo, tankou istoryen, jewograf, akeyològ ak filozòf yo pwofite itilize dokimantasyon sa yo pou analize, konprann, konpare epi pataje eleman gwo antrepriz mondyal sa ki te trafik moun nwa nan zòn Oseyan Atlantik la ak nan Oseyan Endyen an, ki te rive mete lapat sou plizyè milyon Afriken epi fè yo travay kòm esklav. Travay kreyasyon aplastik yo, literati, mizik epi ladans, gras ak imajinasyon, pote anpil limyè sou anpil mak krim sa yo kite. Men tou, yo ede nou konprann kokennchenn kouraj viktim yo te genyen pou kanpe anfas bouwo yo ak kalte fòs sa pou goumen pou jwenn liberasyon.
Nan moman kote peyi a ap viv gwo kriz, latwoublay ak tribilasyon ki makònen ak yon sitiyasyon vyolans san parèy k ap kraze epi detwi nou, nou dwe reflechi sou kisa evènman ki te pase nan lannwit sòti 22 pou rive 23 dawout 1791 la te genyen kòm objektif ak pwomès, eseye jwenn epi viv vrè sans lide Libète ak Egalite ki se fondasyon menm peyi d Ayiti.

Sòti 8 pou rive 27 dawout 2022 a, asosyasyon ki rele « Collectif pour la Sauvegarde des Traditions Haïtiennes » (CSTH), ap reyalize yon atelye dans fòlklò ayisyen nan lokal « Éclosion » nan Pòtoprens.
Atelye sila a ap reyalize nan lide pou bay jarèt ak ritm, dans tradisyonèl ayisyen yo pou yo pa disparèt. Seyans yo reyini chak jou plis pase 40 dansèz ak dansè fòlklò pwofesyonèl.
Fòmasyon sila a pèmèt patisipan yo aprann epi pratike anpil koregrafi ak pa dans ki sòti nan divès ritm, rityèl ak tradisyon pèp ayisyen an. Se atravè 26 ritm diferan, fòmatè yo ap mete patrimwàn kiltirèl sa a an valè. Pami yo gen Ibo, Nago, Dogi, Chanpèt, Kongo, Rara, elatriye.
Anplis aktivite dans yo, mak fabrik atelye sila a chita sou echanj ki fèt ant pwofesyonèl yo sou orijin, istwa dans yo, epi ak divès kalte non ak varyasyon ki genyen ladan yo nan plizyè zòn nan peyi a.
Boutofen, Kolektif la ap travay pou kapab rive kenbe, pwoteje epi transmèt patrimwàn sa a bay jenerasyon k ap vini yo. Atelye sila ki jwenn sipò bò kote FOKAL ak kèk lòt patnè sòti nan youn nan pwojè CSTH genyen pou pwoteje, konsève epi fè pwomosyon pou ritm tradisyonèl ayisyen yo. Gen lòt aktivite ki prevwa toujou tankou konferans, dokimantè, espektak, rechèch, envantè, elatriye.
Fédération Haïtienne de Débat (FHD) òganize pandan jounen 8 me 2022 a, premye faz yon konpetisyon deba kontradiktwa ant divès fakilte ak inivèsite an Ayiti. Douz ekip twoke kòn yo pandan premye tou sila ki te dewoule otou plizyè sijè nan fòma deba World School Debating Championship (WSDC). Yon fòma ki sanble yon similasyon palmantè plizyè peyi adopte pou konpetisyon deba. Sa ki esplike fòmilasyon sijè (yo rele "mosyon") pou match yo, tankou : Chanm sila panse Ayiti ta dwe depenalize avòtman.
Chak ekip te jwe 3 match nan premye jounen sila sou tematik tankou : ekoloji, non-vyolans ak avòtman. Evenman sila ki vize pote deba kontradiktwa kòm reflèks nan Inivèsite an Ayiti jwenn sipò finansye epi teknik Programme Initiative Jeunes (PIJ) nan FOKAL. PIJ te asire fòmasyon sou fòma deba a pou ekip yo epi mete jij eskperimante disponib pandan tout dire konpetisyon. Ekip FHD a jwenn koutmen, nan pataj eskperyans, pou planifye epi jere konpetisyon an.
Faz eliminatwa sila ak rès konpetisyon an (ap) fèt nan lokal Université Notre Dame (UNDH) sou lali. 8 nan 12 ekip ki te nan premye tou a kase randevou pou kadefinal epi demifinal yo nan lokazyon selebrasyon kreyasyon bikolò ayisyen an, 18 me ki ap pwoche la.
Plizyè patisipan pa kache kontantman yo pou patisipe nan yon inisyativ kou sila a ki pèmèt yo rankontre lòt etidyan, diskite nan respè, devlope kapasite pou lapawòl devan yon piblik, fè rechèch dokimantè, men sitou aprann youn de/ak lòt.
Final konpetisyon an prevwa pou fèt samdi 28 me, toujou nan lokal UNDH la.
Vant sitayi IJANS, dezyèm nimero revi fotografi dokimantè Kolektif 2 Dimansyon an (K2D) ki rele Fotopaklè, ap fèt jedi 28 avril k ap vini an nan restoran Café Tap-Tap nan Pòtoprens.
Nimewo sa a, ki rele IJANS, ap atake li a pwoblematik anviwonman an k ap degrade nan peyi Ayiti. Pri revi a nan jou a se ap 1,500 goud.
IJANS se yon travay trèz kontribitè ak espesyalis nan sèten pwoblèm anviwonmantal ki te pwopoze tèks ki poko pibliye sou yon peryòd kat (4) lane. Magazin nan genyen 352 paj.
Dekouvri editoryal ki pibliye nan nimewo sa :
Dènye lè