Mwa me : mwa sansibilizasyon sou sante mantal
Depi kèk tan, nou pale plis sou sante mantal an Ayiti. E se yon bon bagay ! Nan yon peyi kote frajilite ap kotwaye lavi chak jou, li enpòtan pou moun yo konprann sitiyasyon yo pa sèlman afekte espas yo, aktivite yo, men kò ak lespri yo tou. Se sou baz pètinans sa a Lekòl nou entegre EDIKASYON SOU EMOSYON kòm nouvo aks nan pwojè sa a.
Nan mwa avril la, nou demare ak fòmasyon 50 pwofesè ki soti nan 6 lekòl nasyonal. E se patnè nou, Douleurs Sans Frontières, ki te òganize seyans fòmasyon sa yo. Travay sa a pral pèmèt pwofesè yo ofri premye swen sikolojik nan antouraj yo e patikilyèman bay elèv ki bezwen sa. Sa vle di : obsève, tande epi oryante timoun ki bezwen soutyen emosyonèl. E sa, atravè zouti pratik yo te resevwa pandan fòmasyon sikològ Junior Bélizaire te anime yo. Pwofesè yo te aprann tou enpòtans pou yo pwoteje tèt yo pandan y ap bay soutyen.
Nouvo aks pwojè a prevwa tou, se:
- Animasyon nan lekòl ak timoun yo ak epizòd desen anime « Timoun san tras » yo
- Swivi sikolojik avanse pou timoun ki bezwen sa
- Gwoup pawòl ak pwofesè epi paran
- Aktivite teyat nan lekòl yo
- Sinema mobil
- Pwodiksyon ak difizyon kapsil odyo sou edikasyon sou emosyon
Pandan tout mwa me a ki konsakre a sansibilizasyon sou sante mantal, Lekòl nou ap fè diferan piblikasyon sou tèm sa a. Kontinye swiv nou sou rezo sosyal yo. E sitou, sonje FOKAL mete a dispoziyon n yon gwo zouti, ki se 10 epizòd Timoun san tras yo sou YouTube nan 4 lang diferan: Kreyòl, fransè, anglè ak panyòl. Zouti sa ap pèmèt ni timoun ni granmoun konprann e pale sou emosyon yo, pou yon pa anplis sou wout pou n aprann jere sante mantal nou.
