Lekòl Nou antre nan dezyèm faz li
Fondasyon Konesans ak Libète – FOKAL lanse dezyèm faz inisyativ Lekòl Nou, ki mete yon aksan patikilye sou edikasyon emosyonèl ak sante mantal timoun yo.
Pou nouvo faz sa a, pwojè a pral devlope plizyè zouti pedagojik pou ede timoun yo, paran yo ak edikatè yo pi byen konprann emosyon yo. Youn nan zouti prensipal yo se yon seri desen anime ki rele Timoun San Tras k ap genyen dis (10) epizòd. Seri sa a abòde senk (5) gwo emosyon timoun yo konn viv, epi li fèt pou fasilite konpreyansyon ak dyalòg sou sijè sa yo. Pwodiksyon sa a disponib nan kat lang, e li te devlope avèk sipò sikològ Nathalie Coicou.
Anplis seri animasyon an, pwojè a prevwa tou lòt aktivite ak zouti tankou yon mini seri odyo, animasyon kominotè ak aktivite teyat. Inisyativ sa yo vize elaji refleksyon ak sansibilizasyon sou sante mantal timoun yo nan diferan espas, kit se nan fanmi, nan lekòl oswa nan kominote yo.
Nan sans sa, FOKAL ap envite paran, edikatè ak tout manm kominote yo pou yo kontinye swiv inisyativ Lekòl Nou sou rezo sosyal yo, tankou Facebook, Instagram ak YouTube, pou yo ka jwenn plis kontni ak enfòmasyon sou emosyon timoun yo ak sou fason pou akonpaye yo.
Pou plis enfòmasyon klike sou lyen sa : https://bit.ly/40U1PDx
